Bati yon kourikoulòm Kreyòl
Bati yon kourikoulòm Kreyòl
Men kijan ou ka ede: MIT gen yon depo piblik ki gen materyèl edikatif an Kreyòl ki disponib gratis. Materyèl ki dwe enkli yo koresponn ak kourikoulòm nasyonal la, se aprantisaj aktif, epi yo an kreyòl. Materyèl yo ka pou elèv yo oswa pou pwofesè yo. Nou ankouraje edikatè Ayisyen yo kontribye. Ou pa bezwen yon lyen entènèt oswa yon òdinatè pou kontribye. Moun ki nan Platfòm MIT yo kontan ede mete dokiman nan depo a. Anplis materyèl yo, y ap bati yon kominote edikatè pou ede pwofesè yo aprann youn nan men lòt. Se pwofesè Michel DeGraff k ap dirije travay sa a.
Kourikoulòm nasyonal konplè an Franse a ladan l tou. Gouvènman Ayisyen an poko pwodui youn an kreyòl.
Sous Imaj: koutwazi Inisyativ MIT-Ayiti https://haiti.mit.edu/